
Gouvènman ayisyen an anonse yon nouvo bès pri kabiran sou mache nasyonal la. Nan yon avi konjwen Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) ak Ministè Komès ak Endistri (MCI) pibliye, otorite yo presize nouvo pri yo antre an vigè lendi 15 jen 2026 sa a.
Dapre nouvo dispozisyon yo, galon gazolin nan vann kounye a 700 goud, olye 725 goud anvan, sa vle di yon rediksyon 25 goud. Dyezèl la pase de 825 a 790 goud galon an, yon bès 35 goud, pandan kewozèn nan fikse a 785 goud, olye 845 goud anvan, sa vle di yon diminisyon 60 goud.
Revizyon sa a fè pati politik ajisteman pri pwodwi petwolye otorite yo ap aplike selon evolisyon pri entènasyonal yo ak reyalite ekonomik nasyonal yo.
Nan yon kontèks kote lavi chè ak difikilte ekonomik ap frape yon gwo pati nan popilasyon an, mezi sa a vle soulaje pwa depans transpò ak enèji.
Nouvo bès sa a ta ka bay espwa tou pou yon rediksyon pri transpò e, endirèkteman, kèk pri konsomasyon, menmsi efè reyèl li sou mache a rete pou nou wè.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





