Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Nan nouvo kostim Chaje dafè l, Kenneth Merten rive an Ayiti

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Se atravè yon tweet li pibliye sou kont ofisyèl li anbasad ameriken Pòtoprens lan te fè konnen Anbasadè Kenneth Merten deja mete pye sou tè ayisyen an.

« Byenvini pou Anb. Kenneth Merten ki pran responsablite Chaje dafè a.i. Etazini ap kontinye travay pou sipòte e ankouraje solisyon Ayisyen dirije pou pi bon kondisyon sekirite ak inisyativ demokratik », reprezantasyon diplomatik ameriken an Ayiti a te ekri sou Twitter.

Ann raple Kenneth Merten te anbasadè Etazini akredite an Ayiti soti 2009 rive jiyè 2012. Pasaj li nan Premye Repiblik nwa a te « yon bèl eksperyans », paske li te tonbe nan admirasyon devan kilti ayisyen an.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here