Vandredi 27 novanm 2026

Aktyalite

Misyon miltinasyonal: plis pase 80 sòlda debake ann Ayiti

Pa Naïka Eugene

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Avion militaire américain au sol avec soldats en tenue sur le tarmac

Misyon miltinasyonal sipò pou sekirite ann Ayiti a ap ranfòse. Vandredi 3 janvye 2025 sa a, yon nouvo kontenjan sòlda etranje debake nan kapital la (Pòtoprens).

An total, swasanntkenz (75) sòlda gwatemalteyen ak uit (8) sòlda salvadoryen vin ranfòse Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak fòs miltinasyonal la. Yo te rive abò yon avyon militè ameriken. Objektif la: mete gang ame k ap teworize popilasyon ayisyen an yon kote pou yo pa ka fè mal ankò.

Ann note, malgre prezans ofisye kenyan yo sou teritwa ayisyen an, gwoup kriminèl yo kontinye ap pran plis pouvwa. Rive nouvo kontenjan sòlda sa a ann Ayiti ta yon pa vè sekirite. Ann tann pou n wè…

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here