
Jedi 19 desanm sa a, otèl El Rancho akeyi yon jounen refleksyon ak deba sou kriz migratwa a ann Ayiti, yon sijè aktyalite ki gen anpil konsekans. Minis Ayisyen k ap viv lòt bò yo (MHAVE), Kathia Verdier, souliye enpòtans inisyativ sa a ki mete aklè defi ak opòtinite ki gen rapò ak migrasyon.
Nan diskou li, minis lan salye angajman Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) bò kote MHAVE. Dapre li, efò komen sa a montre yon volonte pou reponn priyorite Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) ak gouvènman an fikse.
Kathia Verdier souliye ijans pou fè migrasyon an tounen yon chwa ki fèt an konesans de koz, olye yon kontrent yo enpoze. « Ranfòsman kad koperasyon yo ak patisipasyon tout aktè konsène yo endispansab pou bati yon pi bon avni pou konpatriyòt nou yo », li deklare.
Mesaj sa a mande yon sinèji ant enstitisyon piblik yo, òganizasyon entènasyonal yo ak sosyete sivil la pou jere pi byen flo migratwa yo epi reponn bezwen sitwayen ayisyen yo, ni sou plan nasyonal ni sou plan entènasyonal.
Jounen deba sa a montre yon volonte pou mete migrasyon nan kè priyorite nasyonal yo, pandan l ap pwomouvwa yon apwòch imanitè e enklizif sou defi konplèks fenomèn sa a poze.
Li tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 11 èdtan
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





