Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

Mezon Blanch sipòte Ariel Henry pi lwen pase 7 fevriye 2022

Pa Billy Doré

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Pandan plizyè aktè sou sèn politik nasyonal la montre yo an favè yon konsansis pou yon gouvènman tranzisyon ak yon prezidan pwovizwa ak yon nouvo tèt nan Primati a, Mezon Blanch sipòte Premye Minis de facto Ariel Henry, ki di li pa vle kite pouvwa a 7 fevriye 2022.

Atravè yon rapò li bay kèk jounalis ameriken sou sijè yo te diskite nan kad somè wo nivo Kanada sou Ayiti a, Sekretè Deta adjwen ameriken pou afè emisfè Lwès la, Brian Nichols, endike manda nimewo en Primati a pa mare ak 7 fevriye 2022.

Li kontinye, dapre Voa Kreyòl, pou l di li kwè pèp ayisyen an plis enterese nan eleksyon ak yon Prezidan eli demokratikman pase nan dat 7 fevriye 2022.

Ariel Henry, bò pa l, ap kole pi plis ak pouvwa de facto l. Fen manda l, dapre li, ta mare ak yon Prezidan eli nan Palè nasyonal.

« 7 fevriye pa make fen manda gouvènman an ki gen responsablite pou òganize eleksyon lib e demokratik. Pwochen lokatè Palè nasyonal la pral yon prezidan tout pèp ayisyen an eli lib », Ariel Henry tweete vandredi 21 janvye 2022 sa a.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here