Dimanch 22 novanm 2026

Aktyalite

Marinyani: devan mechanste bandi yo, PNH ranfòse patwouy li yo

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Nan yon nòt pou laprès, Wo Kòmandman Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li kontinye fè tout sa l kapab e miltipliye tout efò l pou l goumen kont gran banditis nan peyi a.

« Depi kèk tan, gwoup ame ap chèche teworize popilasyon sivil la, atravè kèk rejyon nan peyi a, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens », enstitisyon polisyè a rekonèt.

Anplis, PNH anonse samdi 13 janvye 2024, sou enstriksyon Kòmandan an Chèf la, Mesye Frantz Elbé, yo deplwaye plizyè inite espesyalize tankou SWAT ak UTAG, pami lòt, bò Marinyani, zòn ki nan komin Gresye. Objektif la se fasilite sikilasyon lib sitwayen ki pa nan anyen, PNH souliye.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here