
Apre li menm li te anonse, atravè emisyon l lan, swisid pitit gason l, Stéphane Louko Désir, Ozetazini 14 jen pase a, Louko Désir korije pawòl li, lendi 17 jen 2024 sa a.
Vreman vre, nan yon videyo ki vin viral sou rezo sosyal yo, animatè vedèt emisyon « Matin Débat » la fè konnen pitit li a pa t touye tèt li, e li mande otorite jidisyè ameriken yo fè limyè sou dosye sa a.
Pandan l ensiste pitit gason l lan pa t fè depresyon, Louko Désir estime gen kèk endis ki pwouve Stéphane pa t touye tèt li. Kòm prèv, li site lefèt pitit gason l lan te resevwa yon mesaj sou WhatsApp a 5:33 AM, alòske laprès ameriken konfime li te mouri a 11:00 PM. Jounalis la mande tèt li « nan men kiyès telefòn pitit gason l lan te ye ant 11:00 PM ak 5:33 AM? »
Li pito pale de disparisyon pitit gason l lan, Louko Désir di l ap tann rezilta tès ADN k ap fèt la pou yo detèmine si kadav yo jwenn dechire sou ray tren an se vrèman kadav Stéphane.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





