Nan yon mesaj li pibliye sou kont ofisyèl X li (ansyen Twitter), prezidan aktyèl Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an anonse li te asiste leve Drapo nan Palè nasyonal, lendi 14 oktòb 2024 sa a. Yon anons ki sanble inogire retou « popilis lavalasyen ».
Pandan lonbraj ensekirite ap plane sou kapital la (Pòtoprens) e otorite yo ap bat pou retabli sekirite, siksesè Edgard Leblanc nan CPT a ap vante tèt li dèske li te asiste leve Drapo nan palè prezidansyèl la. Yo te oblije mobilize yon gwo kò sekirite pou nimewo en Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an desann Channmas, lendi 14 oktòb 2024 sa a. Kesyon pare nenpòt eventyèl atak gang ame. Sa vle di zak Achitèk la kwè ki « patriyotik » la se sèlman yon aveu endiferans devan yon popilasyon ki vle, li menm tou, ka gen aksè nan anba lavil san l pa bezwen enkyete.
« Kout kominikasyon » Leslie Voltaire sa a, ki chaje ak popilis, pa rasire ditou yon popilasyon ki reve sèlman vake lib nan okipasyon li. Apre leve Drapo a, sitwayen yo ap tann aksyon konkrè nan sans sekirite lavi yo ak byen yo.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





