
Nan okazyon 221yèm anivèsè Endepandans Ayiti, prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Leslie Voltaire, mande Lafrans ranbouse sòm Ayiti te ba li an 1825 pou konpanse pèt teritoryal Endepandans lan ak kreyasyon premye Anpi nwa a, 1ye janvye 1804, te lakòz.
Nan diskou li nan Vila Akèy, reprezantan Fanmi Lavalas nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an fè konnen li te gentan prezante an septanm 2024 devan Asanble jeneral ONI nesesite pou Lafrans, ansyen pisans kolonyal la, ranbouse Ayiti dèt Endepandans lan. Yon sòm ki valab kounye a plizyè milya dola.
1ye janvye 1804, Ayisyen te pwoklame endepandans yo apre yon revòlt esklav kont kolon franse yo. De syèk apre, Ayiti parèt pami peyi ki pi pòv sou planèt la. Yon sitiyasyon yo souvan mete sou kont yon Leta ki an defayans ak yon koripsyon andemik. Poutan, mizè ki pa janm fini li ap sibi a se, an trè gran pati, rezilta entèvansyon etranje.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





