
Nan okazyon seremoni komemoratif 219yèm anivèsè asasina Jean-Jacques Dessalines, kowòdonatè Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT), Laurent Saint-Cyr, anonse gouvènman ayisyen an mete disponib yon anvlòp 65 milyon dola ameriken pou finanse òganizasyon pwochen eleksyon yo.
« Anvlòp sa a deja nan bidjè 2025-2026 la e l ap sèvi pou kouvri depans ki gen rapò ak fonksyònman enstitisyon elektoral yo, mobilizasyon pèsonèl ak lojistik eleksyon an », reprezantan sektè prive a nan CPT a revele. Pi lwen, li ensiste sou kesyon elektoral la ki se yon priyorite nasyonal ki mande yon klima sekirite ak konfyans.
« Konsèy elektoral pwovizwa a (CEP) gen misyon pou fini preparasyon teknik yo e prezante talè yon kalandriye elektoral klè. Anplis, yo pral envite patnè entènasyonal yo kontribye nan finansman konplemantè pwosesis la », siksesè Fritz Jean nan CPT a souliye, pandan l ap garanti pouvwa egzekitif la p ap mele nan enstitisyon ki gen chaj misyon sa a.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





