
Anyen pa mache ankò nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT). Jan Hebdo24 te deja rapòte l, Konsèy la divize anpil an blòk rival ki paralize fonksyònman li. Jodi a, Smith Augustin soti nan silans li pou akize Fritz Alphonse Jean dirèkteman kòmkwa l ap manipile diplomasi ayisyen an pou enterè pati.
Reprezantan RED/EDE/Konpwomi istorik la nan CPT a afime reprezantan Akò 30 out la ta mete pa mwens pase 14 anbasadè nan 26 anbasad ak misyon pèmanan diplomasi ayisyen an genyen. Dapre Augustin, Fritz Alphonse Jean fèmen ak kle pòs ki pi estratejik yo: Washington, Sendomeng, Brisèl, ONI, OEA ak UNESCO.
Konsa, diplomasi ayisyen an sanble vin tounen chas gade kèk manm CPT. Ironi desten, Fritz Alphonse Jean, ki te opoze ak Konsèy minis ki fèt sèlman pou nonmen direktè jeneral, jwenn tèt li jodi a akize kòmkwa li menm li pwofite nominasyon diplomatik yo pou ranfòse enfliyans li.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





