Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

Koripsyon: Pakè Pòtoprens envite Magalie Habitant

Pa Billy Doré

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Jacques Lafontant, nan yon lèt envitasyon, di li vle tande, vandredi 4 fevriye 2022 sa a, ansyen Direktris Jeneral Sèvis metwopoliten pou ranmase fatra solid (SMCRS), Magalie Habitant. Odisyon sa a pral sou arè Kou siperyè dè kont ak kontansye administratif (CSC/CA) bay kont Magalie Habitant ak kèk lòt kad SMCRS.

An efè, dosye Magalie Habitat la lwen pou l klase san swit. Kondane an 2021 pa Kou dè Kont lan paske li te detounen plis pase 38 milyon goud nan trezò piblik la, Magalie Habitant nan kolimatè lajistis ayisyen kounye a.

Pandan li te alatèt SMCRS, Magalie Habitant te mele nan yon eskandal koripsyon san parèy. Nan kad dosye odit sou jesyon l, chanm finansye Kou a bay yon arè ki kondane l ansanm ak lòt kad SMCRS. Yo dwe remèt plis pase 38 milyon goud bay trezò piblik la.

Pandan peyi a ap fè fas ak gwo kriz k ap manje tout zantray li, kèk anplwaye nan Administrasyon Piblik la pa sispann gaspiye lajan yo bay sèvis piblik yo.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here