Vandredi 20 novanm 2026

Aktyalite

Konsèy prezidansyèl: reprezantan Fanmi Lavalas, Leslie Voltaire, deja ap fè PNH pwomès

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Homme âgé portant une chemise blanche et des lunettes, en intérieur

Politisyen yo pa janm an pann pwomès. Reprezantan Fanmi Lavalas nan Konsèy prezidansyèl la sot bay prèv sa. Anfèt, nan yon mesaj li difize sou rezo sosyal yo, Leslie Voltaire deja montre « sansiblite » li pou Polis nasyonal d Ayiti.

Pandan l ap felisite fòs lòd yo, reprezantan Fanmi Lavalas nan konsèy prezidansyèl la di li rekonèt volonte yo pou yo goumen kont ensekirite nan kondisyon difisil.

« Yon fwa konsèy prezidansyèl la enstale, se fòs lòd yo ki pral priyorite l. Fòk polis la gen mwayen ki ka ede l fè travay li pi efikasman », li kite konprann.

An pasan, Leslie Voltaire pale tou de wòl jèn yo nan pwosesis redresman peyi a. Se poutèt sa li ankouraje yo enplike plis nan politik aktif. « Lè w gade eta peyi a kounye a, yon sèl sektè p ap ka leve defi redresman Ayiti a », li admèt.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here