Ministè Sante piblik ak Popilasyon (MSPP) anonse, nan yon pwen pou laprès dimanch 2 oktòb 2022 sa a, kolera vrèman tounen ann Ayiti. Deja, yo konte uit moun mouri, yo idantifye yon ventèn ka sispèk, e yo detekte de fwaye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.
« Nou poko kapab konte kantite moun ki mouri yo, paske gen moun maladi a touye ki pa t gen aksè nan sant sante », Direktè jeneral MSPP a, Dr Lauré Adrien, presize.
Sepandan, fòk nou di ministè Sante piblik ak Popilasyon an ap kreye konfizyon, paske pandan menm pwen pou laprès la, minis Alix Larsen te pale de yon sèl moun ki mouri.
An tou ka, MSPP di li pwoaktif lè l anonse l ap louvri yon envestigasyon nan kominote yo pou detekte nouvo ka ki ka genyen e limite fwaye yo.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Oktòb Woz: MAEC òganize yon jounen sansibilizasyon ak depistaj kansè tete
21 okt
Okay: nan Savann, 300 pasyan jwenn swen nan yon klinik mobil Fondasyon AIC
16 avr
Nan inivèsite George Washington, minis Sandra Paulemon avèti sou ijans sanitè ak sosyal ann Ayiti
15 avr
Paske li pa ka retabli sekirite nan sant vil la, KPT anonse relokalizasyon Lopital Jeneral
25 sept





