Dimanch 15 novanm 2026

Sante

Kolera ap gaye, MSF swaye anviwon swasant moun

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Kolera sanble ap kontinye kous li ann Ayiti, malgre dispozisyon otorite sanitè yo anonse pou kontwole l. Prèv la: ONG Doktè San Fwontyè (MSF) anonse nan yon nòt li pran swen 68 moun ki gen maladi a nan Sant tretman li mete kanpe nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.

Pou presizyon, MSF di li gen yon Sant tretman kolera (CTC) ki gen 10 kabann nan katye Brooklyn (Site Solèy), yon lòt ki gen 20 kabann nan sant ijans MSF Tijo a, ak yon twazyèm CTC ki gen 50 kabann nan lopital MSF Site Solèy la, ki li menm pare pou resevwa nouvo pasyan ki gen kolera.

« Lòt inite yo deja plen », MSF anonse, e li revele « nan dènye jou sa yo, plizyè moun ki gen sentòm ki sanble ak maladi a rive nan sant ijans MSF Tijo a ak nan lopital Site Solèy la ».

« Yon tès yo voye nan laboratwa nasyonal pou yon pasyan Tijo tounen pozitif pou kolera », dokiman an souliye.

An tou, 68 pasyan te admèt nan estrikti MSF yo nan katye Brooklyn, ak nan sant Site Solèy ak Tijo, jiska 3 oktòb 2022.

« Retou kolera sa a vini nan yon kontèks kote popilasyon ayisyen an ap fè fas ak gwo difikilte pou jwenn swen sante », ONG medikal la regrèt.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here