
DJ Kemissa, ki rele Kemissa Trécile sou batistè, se yon sous rezilyans ak enspirasyon. Fanm ki fòme nan dwa sa a rive, malgre tout van ak lanmè, fè yon plas pou li nan mond DJ yo. Kounye a, li ka vante tèt li li pami non ki sonnen fò nan domèn sa a ann Ayiti.
Depi okòmansman, karyè DJ Kemissa te plen diskriminasyon. Nan yon endistri kote fanm DJ ra, li te fè fas ak dout ak prejije. Sepandan, obstak sa yo sèlman ranfòse detèminasyon li. Misyon li klè: kase plafon vè a e louvri chemen pou fiti jenerasyon fanm DJ ann Ayiti.
Malgre twoub politik ak ekonomik nan peyi a, DJ Kemissa chwazi rete ann Ayiti. Desizyon li chita pwofondman sou konviksyon li gen yon wòl kle pou l jwe nan transfòmasyon nasyon an. Li wè tèt li kòm yon modèl pou plizyè milye jèn Ayisyen, li enspire yo pou yo pouswiv rèv yo malgre tout van ak lanmè.
Enstabilite ann Ayiti gen yon gwo enpak sou biznis li. Anviwònman difisil la mennen nan gwo pèt finansye ak yon bès remakab nan enspirasyon kreyatif li. Santiman dekourajman ki toupatou nan peyi a se yon batay san rete pou moun k ap chèche ekselan nan domèn konpetitif. Poutan, detèminasyon DJ Kemissa pou rete e goumen montre angajman li anvè peyi li ak atizay li.
Pou jèn fi ki vle antre nan mond DJ yo, DJ Kemissa bay bon konsèy: « Pa pè. » Li rekonèt gen anpil defi, men li souliye vin yon fanm DJ ann Ayiti se prèv yon desizyon pwofon ak yon gwo responsablite. Pakou li montre pèseverans ak pasyon ka venk menm baryè ki pi di yo.
Istwa DJ Kemissa depase yon triyonf pèsonèl; se yon istwa espwa ak posiblite pou yon nasyon k ap chèche toude. Prezans li sou sèn mizikal la se pa sèlman yon kesyon divètisman, men tou otonomizasyon ak chanjman. Pandan l ap kontinye kraze baryè, DJ Kemissa reprezante pouvwa pou rete fidèl ak rèv ou ak enpak lè w se yon pyonye nan kominote w.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 Nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 Oct
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 Oct
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 Oct




