
Nonmen e enstale kòm nouvo Minis komès ak endistri, James Monazard monte mach pa mach. Anvan l monte, li te Direktè jeneral MCI. Nouvo pòs titilè Ministè komès ak endistri a, James Monazard pa vòlè l. Li travay nan MCI depi plis pase yon deseni.
Men, se nan Ministè afè sosyal ak travay la James Monazard te fè premye pa l nan Administrasyon piblik la, apre l te fin jwenn lisans li an Ekonomi ak an dwa (FDSE). Nan MAST, li te teknisyen nan Direksyon travay la.
Pandan chemen an, an 2013, JM kontinye mache nan koulwa Administrasyon piblik la lè l vin Chèf sèvis Afè jiridik nan Ministè komès ak endistri a. Gras ak bon pèfòmans li, yo chwazi l pou l Asistan direktè nan Direksyon kontwòl ak règleman endistriyèl. Se te an 2017.
Pandan l ap monte mach yo ak pasyon ak anbisyon, James Monazard te vin nonmen Direktè jeneral Ministè komès ak endistri a, anba administrasyon Jovenel Moïse. Se te an 2021.
Pwofesè Dwa ak Ekonomi nan plizyè inivèsite, tankou Akademi Nasyonal Diplomatik ak Konsilè (ANDC), Inivèsite Notre Dame d Ayiti pami lòt, James Monazard kimile jodi a de pòs, sa vle di Ministè komès ak endistri a, ansanm ak Ministè touris la. Enstale nan fonksyon l jedi 13 jen 2024, nouvo Patwon MCI a pwopoze pou l ranfòse epi modènize enstitisyon an.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





