Ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, tòchon an ap boule. Etidyan ayisyen nan peyi vwazen an se premye viktim tansyon diplomatik sa a ki lakoz desizyon otorite dominiken yo pou sispann bay viza etidyan pou yon tan endefini.
Devan sitiyasyon sa a, pwofesè James Boyard rekòmande yon riposte pa etap bò kote gouvènman ayisyen an.
Depi sòti Minis Afè Etranjè ayisyen an, Claude Joseph, apre tweet prezidan dominiken Luis Abinader ki te fè apèl a Kominote Entènasyonal la, sitou Etazini, Kanada, Lafrans ak Inyon ewopeyen, pou vin ede Ayiti kanpe fenomèn ensekirite a, yon premye konsekans fè santi l: sispansyon livrezon viza etidyan ayisyen yo.
Pwofesè inivèsite a, James Boyard, kòm konesè pratik diplomatik Eta yo, ensiste sou sispansyon pou yon ti tan relasyon komèsyal ak Repiblik Dominikèn kòm yon repons apwopriye.
« Devan mezi RD pran pou siprime pwogram viza etidyan ayisyen yo, lè a rive pou nou fè yon riposte pa etap, lè nou pran yon poz tou sou antre machandiz dominiken an Ayiti », pwofesè Dwa Entènasyonal Prive ak Relasyon Entènasyonal nan Inivèsite Leta d Ayiti a te ekri sou Twitter madi 2 novanm 2021 sa a.
Anplis, otè liv ki rele “Le procès de l’insécurité” a estime lè a rive pou Ayiti fè valè l kòm yon Eta souvren. “Li lè pou nou sezi okazyon an pou nou fè yo respekte nou”, li ajoute.
Sanble otorite dominiken yo wè kòm yon ensilt apèl chanselye ayisyen an, Claude Joseph, ki envite yo travay ansanm pou kanpe pwoblèm ensekirite a sou zile a. De tweet sa yo ta dènye de gout dlo ki fè vaz la debòde.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





