Se Yves André, yo rele Fanfan Ti Bòt, ki te konfime nouvèl la sa gen de semèn: Herman Nau te viktim yon atak serebral (AVC). Yo te mennen l an ijans nan yon lopital New York, batè lejandè a ki se ko-fondatè gwoup Tabou Combo malerezman pa t reziste. Enfòmasyon medya antiyè ak ayisyen yo rapòte: Herman mouri dimanch 25 jiyè 2021 sa a.
Lavèy selebrasyon 66 an Konpa Dirèk la, Herman ki te make ak yon wòch blan jan mizik ki pi popilè an Ayiti a fèk kite nou. Ak sèlman 73 an, Herman di nou orevwa apre gwo karyè l.
Premye pa l nan mizik
Depi li te piti, mizik t ap koule an kantite nan san l. Li te twonpetis nan lise nasyonal Petyonvil, ki te rele lise François Duvalier anvan. Saksofonis selèb Fred Dejean te jwe avè l nan lise a.
Ak zanmi danfans li, Albert Chancy, li te fonde gwoup “Los Incognitos” an desanm 1966. Ane apre a, gwoup la rebatize “Tabou combo” sou demann Mesye Douillon pou l te ka patisipe nan konkou Radio Haïti a. Pandan konkou sa a, Tabou te genyen pri “Pi bon jèn gwoup”. Se te kòmansman yon trè long e pasyonan avanti.
Herman te kite Ayiti san se pa t volonte l 18 out 1970, yon jou apre depa Albert Chancy. Li te ede lòt mizisyen yo (Fanfan, Shoubou, Kapi, Jean-Claude…) vin jwenn li New-York pou kontinye pwojè a. Rès la se istwa!
Lavi fanmi l
Herman Nau te marye ak Marie José Chancy, ti sè zanmi l Albert ak Adolphe Chancy, ansyen basis gwoup la. Ak Marie José, li te fè plizyè pitit, tankou Rudy Nau, ansyen batè Carimi e aktyèl batè Tabou Combo.
Apre divòs li ak Marie José, li te konpoze e chante chante “À moitié”. Chante sa a sou album “Zap Zap” ki te soti an 1991. Relasyon l ak pitit li yo te trè entim malgre divòs li ak manman yo. Anvan l mouri, Herman t ap viv Gwadloup ak yon lòt fanm.
Severite Herman
Herman te rekonèt kòm yon diktatè nan Tabou Combo. Li te jere mizisyen yo ak men mèt. Se te yon prefè disiplin nan gwoup la. Relasyon l ak Shoubou te toujou trè tandi depi plis pase 50 an.
“Lè w vle pote chanjman, ou pa dwe pè gen ènmi”, li te toujou di ak fòs nan anpil entèvyou li yo.
“Herman te toujou rakonte m li te souvan yon bouro nan Tabou”, jounalis Nazaire Joinville, ki te pwòch defen an, rakonte.
“Yon jou gitaris Ralph Condé te monte sou podyòm nan ak yon vè alkòl, Herman te jete vè a e li te di Ralph alkòl entèdi sou podyòm Tabou”, ti anekdòt li te rakonte Nazaire pandan yon rankont prive.
Mizisyen Tabou yo kwè fèm si se pa t disiplin ak severite Herman Nau, Tabou Combo pa t ap gen tout siksè sa yo.
Absans li nan Tabou
Ant 2001 ak 2004, Herman te kite konfrè mizisyen Tabou Combo l yo pou l aksepte pòs Sekretè Deta jenès ak espò anba prezidans Jean Bertrand Aristide. Ansyen prezidan Aristide te rele l pèsonèlman apre kanaval 2001 pou konfye l pòs sa a.
Tabou Combo te reyalize plizyè album ak espektak san Herman pandan peryòd sa a. Pa kontan ak desizyon sa a, mizisyen Tabou Combo yo te kritike l yon fason kache nan yon chante ki rele “200 dola” ki sou album “Taboulogie” ki te soti an 2003.
Se vre Herman Nau pa t yon ekselan parolye ak konpozitè, men li kite mak li sou prèske tout album Tabou Combo. Se li ki te responsab tout gwo espektak gwoup la. Se li ki te konsevwa espektak mitik nan Zénith an 1998 pou 30 an Tabou.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




