Premye minis ayisyen an, Garry Conille, tounen ann Ayiti samdi 6 jiyè 2024 sa a, apre yon vizit yon semèn Ozetazini. Pandan yon konferans pou laprès nan Salon diplomatik Ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, Chèf Gouvènman an fè yon bilan pozitif vwayaj ameriken li an.
Yon lòt fwa ankò, Garry Conille mande bandi yo depoze zam, rekonèt otorite Leta a. Yo te kritike l paske l te deklare sou antèn Radio France Internationale (RFI) li pare pou l dyaloge ak malfra yo, Dr. Conille korije pawòl li. Vreman vre, nan nouvo deklarasyon l, li fè konnen jistis pral sevi ak tout rigè kont gang ame yo, e viktim yo pral jwenn jistis.
Ann raple pandan vwayaj li Ozetazini, Garry Conille te fè echanj ak plizyè enstitisyon finansye, pami yo Bank Entèameriken pou devlopman (BID) ki pwomèt Ayiti yon anvlòp 40 milyon dola pou ane 2024 la.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





