
Yo te tann Garry Conille madi 5 novanm 2024 sa a nan Vila Akèy pou l reponn kesyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, men li pa t prezante. Konsa, kesyon difisil men ijan remanyman ministeryèl la pa t abòde. Kontrèman ak sa Konseye-prezidan yo vle.
Anfen, se yon batay ki p ap fini demen ki angaje ant de tèt Egzekitif la. Pandan yo te envite Premye minis lan pou l echanje ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an sou remanyman kabinè l, lokatè Primati a briye pa absans li. Nan yon korespondans li voye bay CPT a, Garry Conille fè konnen li pa t disponib.
Dapre enfòmasyon ki rive jwenn Hebdo24, atitid Chèf gouvènman an dekouraje Konseye-prezidan yo tèlman yo ta menm ap panse revoke l. Konsa, lagè ant de branch Egzekitif la jodi a pi rèd e pi vizib, e konsekans li sou sitiyasyon peyi a ki deja nan kawo ap benefisye sèlman gang ame yo, ki p ap rate ranfòse.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





