
Kounye a, se Polis Nasyonal d Ayiti ki enpoze lalwa li nan Latibonit. Kidonk, bandi ame ki te konn fè lapli ak bon tan la yo mete deyò jwèt la, pou byen ak byennèt popilasyon an.
Vre, apre yon absans polis ki te dire plis pase yon ane, ki te vin pi grav akoz kontwòl gang Savyen an, fòs lòd yo fè retou yo samdi 7 desanm 2024 nan Ti Rivyè Latibonit. Yon foul abitan ki te kontan anpil pa t ezite salye kouraj ajan lòd yo ki deplwaye nan rejyon an. Popilasyon an, ki te prive de sekirite pandan lontan, aplodi ak de men jès sa a li konsidere kòm yon tounan desizif pou Ti Rivyè Latibonit.
Kou PNH sa a leve espwa ke peyi a ka jwenn kalm li ak sekirite ki nesesè pou devlopman l yon jou. Sepandan, kèk sitwayen ap mande konbyen tan kalm sa a pral dire lè nou konnen fòs lòd ayisyen yo manke materyèl ki nesesè pou derasinen gangsterizasyon ann Ayiti.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





