
Prezidan kenyan William Ruto deklare fòs polis li pou mentyen lapè a ta dwe rive ann Ayiti pou ede kraze vyolans gang k ap grandi a nan anviwon twa semèn. Li fè deklarasyon sa a nan yon entèvyou eksklizif li bay BBC, vandredi 24 me 2024.
Vreman vre, M. Ruto konfime yon ekip planifikasyon te deja ann Ayiti e li te rankontre polis nasyonal la (PNH) pou pran dispozisyon anvan deplwaman twoup kenyan yo.
Kòmantè chèf Leta kenyan an rive pandan l t ap fini yon vwayaj twa jou nan Washington DC, premye vizit ofisyèl yon dirijan afriken Ozetazini depi plis pase 15 an.
Pandan vwayaj li a, Mezon Blanch mande deplwaman rapid fòs miltinasyonal Kenya ap dirije a, apre yo te idantifye yon koup ameriken pami twa misyonè yo te touye ann Ayiti vandredi.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





