
Rive fòs miltinasyonal sekirite a pou l goumen kont gang ame an Ayiti ap vin pi klè. Anfèt, administrasyon ameriken an anonse, samdi 4 me 2024 sa a, li pran dispozisyon pou l voye an Ayiti yon èd militè ki evalye a plis pase 60 milyon dola. Jounal Politico konfime enfòmasyon an.
80 Humvee, 35 veyikil enfantri MaxxPro, fizi pou snipè, dwòn, men pami lòt materyèl administrasyon Biden-Harris la gen entansyon fè rive an Ayiti nan kad deplwaman fòs miltinasyonal la, ki pral dirije pa Kenya.
Ann raple, dapre yon wo responsab gouvènman ameriken jounal Miami Herald site, rive fòs miltinasyonal la an Ayiti estime ant 515 ak 600 milyon dola.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





