
Nan yon nòt li rann piblik madi 12 novanm 2024 sa a, Depatman Deta ameriken an fè konnen « apre diskisyon entansif ak pati yo, Etazini rekonèt Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) ann Ayiti ak Premye Minis Garry Conille pa t kapab avanse yon fason konstriktif, e nou pran nòt desizyon CPT a pou nonmen siksesè l ». Konsa, Etazini di yo kontan pou travay ak nouvo Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak CPT a pou fè priyorite ijan yo avanse nan mwa k ap vini yo.
« Etazini remèsye tou ansyen Premye minis Conille pou sèvis distenge li rann peyi l », nou ka li nan dokiman an kote Tonton Sam felisite sa l rele angajman CPT a ak nouvo premye minis lan pou pibliye yon plan aksyon konjwen ki dekri vizyon yo pou amelyore sekirite ak gouvènans, epi trase wout pou eleksyon lib e ekitab.
« Etazini konsidere li esansyèl pou yo delimite klèman wòl ak responsablite CPT a anvè premye minis lan e pou yo mete mezi pou yo youn ka fè lòt rann kont, si sa nesesè, pandan y ap evite lòt blokaj », nòt la kontinye.
Tankou yon mesaj pou konseye-prezidan kowonpi yo, Etazini souliye li enperatif tou pou pwomouvwa responsabilizasyon anndan CPT a pou kenbe kredibilite l devan pèp ayisyen an ak kominote entènasyonal la. Anplis, yo ajoute, bezwen grav e imedya pèp ayisyen an egzije pou gouvènman tranzisyon an privilejye gouvènans olye enterè pèsonèl aktè politik yo k ap fè konkirans.
« Etazini rete fèm nan detèminasyon yo pou sipòte pèp ayisyen an, ki ap fè fas ak nivo istorik vyolans, ensekirite alimantè ak deplasman », dokiman an konkli.
Fondateur de Hebdo24 en février 2021, Phanord Cabé en est le directeur de la publication et le rédacteur en chef. Il définit la ligne éditoriale du média et suit de près l'actualité politique, judiciaire et diplomatique d'Haïti.
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
sa gen 5 èdtan
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
sa gen 24 èdtan
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





