
Anyen pa mache ankò pou Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Etazini kontinye ap mande demisyon konseye-prezidan Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire. Si n kwè Pierre Espérance, lòt konseye-prezidan yo ansanm ak Premye minis lan, Alix Didier Fils-Aimé, ta gentan vire do bay enkilpe yo.
Kòm prèv, defansè dwa moun nan site ranvwa Konsèy minis yo, ki te prevwa pou mèkredi 27 novanm 2024, sa ki kite wè pwofondè malèz la. Dapre Pierre Espérance, desizyon pou ranvwaye Konsèy minis yo se akoz refi Premye minis lan, prezidan CPT a, Leslie Voltaire, ak lòt konseye yo pou yo chita sou menm tab ak Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire.
Li konvenki nouvo pozisyon lòt konseye-prezidan yo ak chèf gouvènman an ta gen rapò dirèk ak presyon kominote entènasyonal la, sitou Etazini, ap fè pou egzije yon netwayaj anndan gwoup ki gen chaj mennen tranzisyon an. Yon zafè pou swiv.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





