Jounalis vedèt emisyon « Boukante lapawòl » sou Radio Méga a nan kolimatè Pakè Pòtoprens. Rezon: Guerrier Henri anonse, pandan yon emisyon, « yon gwo evènman » ki pral rive nan peyi a 17 janvye 2024.
Akoz anons sa a, pakè kapital la jije kòm yon ensitasyon a vyolans, Komisè Gouvènman an, Mèt Edler Guillaume, vle fè odisyon analis politik la.
Yon moun ki pre jounalis la Hebdo24 kontakte revele li rete Pòsali depi kèk tan. Sa ki ta vle di pakè Pòtoprens pa gen konpetans pou tande Guerrier Henri. Anplis, dapre kèk enfòmasyon ki disponib, animatè emisyon « Boukante lapawòl » la pa ta an Ayiti kounye a.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





