Premye minis Garry Conille raple minis Sante piblik ak Popilasyon an, Georges Fils Brignol, pou lòd, paske li depase mezi ki gen rapò ak nominasyon ak pwomosyon nan administrasyon piblik la.
« Mwen enfòme w mwen konstate, malgre Sikilè No 001 25 jen 2024 la sou mezi pou redresman Administrasyon piblik la ak batay kont koripsyon, ansanm ak nòt rapèl 30 out 2024 sou Sikilè sa a, ou chwazi inyore angajman gouvènman an pran nan kad fèy wout tranzisyon an pou remete lòd nan Administrasyon piblik la, asenni enstitisyon yo epi goumen kont koripsyon », chèf gouvènman an ekri nan yon lèt li voye bay titilè MSPP a.
« Konpòtman w reflete yon non-konfòmite flagran ak enstriksyon chèf Gouvènman an ak yon volonte klè pou w soti anba aplikasyon règ ak pwosedi lalwa preskri, ansanm ak respè politik gouvènmantal ki an vigè a. Mwen raple w aksyon w, si li pa korije, ka mennen konsekans jiridik ou pral oblije asime ni sou plan administratif ni sou plan penal », lokatè Primati a repwoche.
« Li esansyèl pou raple tout aksyon ki poze deyò kad legal la pa angaje Leta e li ekspoze kontrevenan yo, ansanm ak konplis yo, a sanksyon penal dapre atik 5.5 ak 5.10 lwa sou prevansyon ak represyon koripsyon an », PM defakto a souliye.
An rezime, Garry Conille fè konnen solidarite ak kohezyon gouvènmantal mande chak manm Gouvènman an montre prekosyon, disiplin, ak etik responsablite nan egzèsis fonksyon l. Nenpòt devyasyon nan valè fondamantal sa yo pral mennen konsekans grav pou otè a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





