
Se Minis kilti ak kominikasyon an, Patrick Delatour, ki anonse nouvèl la samdi 18 janvye 2025. Se Fòlibète (Nòdès) ki pral resevwa kanaval nasyonal la 2, 3 ak 4 mas 2025. Ak desizyon sa a, gouvènman tranzisyon an ansanm ak Konsèy prezidansyèl la konfime enpisans yo devan gang ame ki kontwole plis pase 80 % zòn metwopolitèn Pòtoprens.
Kilè swadizan otorite yo pral sispann kouri pou bandi ame yo? Se kesyon tout moun ap poze. Sit istorik yo, Pon Wouj, Plas dam Gonayiv e menm MUPANAH, pa resevwa fèt nasyonal ak manifestasyon kiltirèl depi kèk tan. Rezon: anvayisman anpil teritwa pa gang ame yo fè Prezidan-konseye yo, Premye minis lan, minis yo ki fèmen kò yo nan Vila Akèy pè.
An definitiv, delokalizasyon kanaval Pòtoprens lan se yon temwayaj klè endiferans swadizan otorite yo ki, olye yo travay pou yon retou sekirite jeneral ann Ayiti, ap chèche fo altènativ. Tankou si yon katastwòf natirèl te frape kapital la e fò yo te reyalize kanaval nasyonal la kèlkeswa pri a, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a pati san wont ni skrupil pou Nòdès pou reyalize gwo manifestasyon kiltirèl sa a. Poutan, sa ki esansyèl pou fè se mennen lapè nan peyi a e pèmèt kanaval nasyonal la reprann plas li nan Pòtoprens. Sa sèlman!
Fondateur de Hebdo24 en février 2021, Phanord Cabé en est le directeur de la publication et le rédacteur en chef. Il définit la ligne éditoriale du média et suit de près l'actualité politique, judiciaire et diplomatique d'Haïti.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





