Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

Emmelie Prophète Milcé, nouvo minis kilti ak kominikasyon

Pa Billy Doré

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Womansyè Emmelie Prophète Milcé okipe kounye a pòs minis kilti ak kominikasyon apre piblikasyon yon arete espesyal madi 11 janvye 2022 sa a. Li ranplase Premye minis Ariel Henry.

An efè, nan yon arete ki pibliye madi nan jounal ofisyèl Le Moniteur, nou ka konstate yo fè plizyè nominasyon nan administrasyon piblik la. Anplis Emmelie Prophète Milcé ki monte alatèt pi wo enstans kiltirèl peyi a, yo nome Dithny Joan Raton, ak ran Minis, Medyatris espesyal travay endistri konfeksyon rad. Azad Belfort, bò pa l, vin Direktè Jeneral Ministè afè etranjè.

Womansyè Emmelie Prophète Milcé abitye ak Administrasyon piblik ayisyen an. Jiska nominasyon l alatèt Ministè kilti ak kominikasyon, se li ki te kenbe rèn Biwo ayisyen dwa otè (BHDA). Ann note ansyen Direktris nasyonal Liv la te alatèt BHDA depi 2012.

Womansyè a deja pibliye plis pase yon douzèn liv. Dènye woman li “Les villages de Dieu” (Mémoire d’encrier, 2020) te gen yon siksè san fay. Li te fè l genyen an 2021, 18yèm Prix Fetkann Maryse Condé nan kategori Memwa. Menm ane sa a, Akademi fransè a te ba l Prix du rayonnement de la langue et de la littérature française.

Pataje

Billy Doré

Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here