
« Kidonk, mwen lanse yon apèl solanèl bay tout aktè politik yo: Se pou dyalòg genyen sou konfwontasyon! ». Se ak mo sa yo reprezantan Pitit Dessalines nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT), Emmanuel Vertilaire, yo site non li nan piyaj BNC, kòmanse diskou li pandan rankont gouvènman an ak pati politik yo wikenn pase a.
« Se pou enterè nasyonal pase devan anbisyon pèsonèl! E se pou verite genyen sou manipilasyon! », moun ki site nan rapò ULCC a kontinye.
Pandan li mennen koripsyon nan pi wo nivo Leta a, Emmanuel Vertilaire kwè « Repiblik la bezwen fanm ak gason ki fòme, lisid, entèg e angaje. Li bezwen pati politik responsab, ki pa sèlman zouti elektoral, men tou lekòl sivis, patriyotis ak inovasyon demokratik ».
Anplis, li fè konnen Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, anba direksyon kolektif e responsab manm li yo, rete detèmine pou akonpaye pwosesis sa a jiska fen manda li ki prevwa pou 7 fevriye 2026.
Si gen yon bagay enpòtan pou souliye nan diskou pitit Moïse Jean-Charles la, se li rekonèt CPT a dwe ale nan anviwon twa mwa: « Nouvo estrikti aktè politik ayisyen yo pral mete an plas, ansanm ak kominote entènasyonal la, ak Konsèy elektoral pwovizwa a, pral kontinye tranzisyon an, dapre prensip kontinyite sèvis piblik Leta a, jiska mizanplas enstitisyon demokratik ki soti nan volonte souvren pèp ayisyen an ».
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





