
Repiblik Dominikèn anonse ofisyèlman, mèkredi 13 me 2026 sa a, atravè ministè Enteryè ak Polis li, nonm dafè ayisyen Dimitri Édouard Vorbe p ap admèt sou teritwa li.
Pozisyon otorite dominiken yo rive kèk tan apre deklarasyon Mè Frandely Dénis Julien, avoka espesyalize nan imigrasyon k ap swiv dosye sa a de pre, ki di jij federal ameriken Darrin Gayles ta bay lòd pou transfere M. Vorbe nan Repiblik Dominikèn nan yon delè sèt jou.
Nan kominikasyon li, ministè Enteryè a raple moun konsène a deja gen yon entèdiksyon antre ki an vigè depi 13 oktòb 2025. Dapre otorite yo, mezi sa a soti nan yon notifikasyon Direksyon nasyonal ransèyman, e se Direksyon jeneral migrasyon ki aplike l.
« Sitwayen ayisyen Dimitri Édouard Vorbe pa otorize antre sou teritwa dominiken an », ministè a reyafime.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





