
Pandan l t ap pale sou France24, madi 28 me 2024 sa a, prezidan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, mande gang ame k ap simen laterè nan popilasyon an depoze zam yo. Pou reprezantan OPL nan estrikti tranzisyon an, se « sèl chwa » bandi yo genyen.
Pandan tan sa a, premye prezidan CPT a anonse gwo dispozisyon pou remobilize fòs lòd yo pou rive demantle gang ame ki okipe prèske tout teritwa nasyonal la.
Ann note nan diskou li 18 me pase a, Edgard Leblanc Fils te deklare pa gen teritwa ki pèdi ann Ayiti e se Leta ki pwopriyetè yo. Tousuit apre deklarasyon sa a, bandi yo pa t pran tan pou yo vin pi mechan toujou. Plizyè komisarya ak soukomisarya detwi, polisye mouri oswa blese, e yo menm boule yon blende PNH.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





