
Yon nòt ki soti nan biwo kominikasyon Prezidans lan ap provoke reyaksyon vif, non sèlman pou kontni li, men sitou pou sikonstans otou piblikasyon li.
Dokiman an pale de yon swadizan akò sou pwolonjman kontra lwaye Caribbean Port Services (CPS) soti 9 pou rive 27 an, yon enfòmasyon ki divize menm ran Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT).
Fritz Alphonse Jean, prezidan CPT a, pran distans li ak nòt la rapidman, li afime li pa t janm bay dakò pou piblikasyon li. Li pale menm de presyon entèn, kèk konseye te eseye enpoze difizyon tèks la malgre opozisyon li.
Nan kè polemik sa a: yon desizyon yo jije prese prese e petèt ilegal. Gen vwa k ap leve pou raple yon zak konsa mande avi Kou dè kont, pou garanti transparans ak lejitimite demach la.
Nan yon kontèks ki sansib konsa, nenpòt omisyon nouri sispèk favoritis.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





