
Enstale 25 avril 2024, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT) gen 10 mwa jodi a. Se dis (10) mwa gaspiye an tout e pou tout. An efè, bann Leslie Voltaire an toujou pa rive livre machandiz la, sa vle di akonpli misyon l ki se retabli sekirite pou òganize eleksyon.
Anba rèy Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, ki deja pwouve enkonpetans li, gang ame yo vin pi fò, plis teritwa pèdi. Kòm bilan, CPT a afiche yon gwo « ZEWO ». Sèl siksè l se rive fè koripsyon genyen sou lajistis. Arè-òdonans Lakou Apèl Pòtoprens bay an favè akize Smith Augustin, Louis Gérald Gilles ak Emmanuel Vertilaire (zafè BNC) se prèv konkrè fòs koripsyon konseye-prezidan yo.
An rezime, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT) ki, nan de mwa, ap gen yon (1) an depi li enstale, nil menm jan ak Gouvènman Ariel Henry a ki pa t bay okenn rezilta devan bann kriminèl k ap tèrorize popilasyon an. Plis pase janm, peyi a abandone, kès Leta a ap piye ak awogans ak endiferans pa menm moun ki gen misyon pou redrese bato yon peyi k ap drive.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
« Patwon gang » dapre ONI, Youri Latortue bat bravo pou entèvansyon Nayib Bukele ann Ayiti. Ala ironi!
5 nov
Ayiti: sanksyon ONI kont aktè politik ak ekonomik, yon espwa pou kase enpinite ak relanse demokrasi
15 okt
Kalandriye KEP la: yon dat ki ka louvri yon nouvo peryòd enstabilite politik
28 jiy
Ensekirite ap galope ann Ayiti: èske ministè Touris la ka jistifye depans li yo?
6 me





