Pandan yon seremoni yo te òganize vandredi 11 mas 2022 nan otèl Le Ritz Kinam, yo devwale gayan konkou « Jingle » Enstiti Panos te òganize a. Konkou sa a yo te lanse 24 janvye ki sot pase a sou tèm « Mwen Vaksinen, Ou Vaksinen, Nou tout pwoteje » te konsiste pou chak patisipan envite popilasyon an fè vaksen kont kowonaviris atravè « Jingle » li.
Respektivman, nan kategori Konpa, Rabòday ak Rap,
Rose Mica Cador, Gabriel Alexis ak Lovendjey Pierre te genyen.
Pandan premye etap la, chak moun ki enterese te dwe vizite sit ofisyèl konkou a, sa vle di: https://eegale.com/kowona pou enskripsyon ak telechajman enstrimantal kategori yo chwazi a.
Kòm kritè patisipasyon, kandida a te dwe ayisyen epi gen 18 an konplè jou li soumèt jingle la. Li te dwe itilize sèlman enstrimantal Enstiti Panos bay la ak eslogan ofisyèl konkou a.
109 kandida te enskri, 60 pou kategori Rabòday, 25 pou kategori Rap ak 24 pou kategori Konpa.
Yo te pran an kont vòt sou entènèt yo ak vòt jiri a pou rive nan 5 finalis. Jiri a te konpoze ak atis ki gen gwo repitasyon. Ann site pami lòt: K-libr, Gandhi Le Métronomme, G-Dolf, Tjo Zenny, Steeve Khé, Poppy Duverné ak Jhonny Celicourt. An dènye, jiri a chwazi yon gayan pa kategori.
Chak gayan nan diferan kategori konkou sa a touche sòm $1500 US.
Enstiti Panos, prensipal inisyatè konkou sa a, remèsye prensipal patnè l yo, sa vle di MSPP, ISPD, Serovie, ak tout medya ki kontribye anpil nan siksè pwojè sa a. Pou finalis ki pa t genyen yo, òganizatè yo pwomèt y ap patisipe nan tout pwochen pwojè ki vize konbat pandemi COVID 19 la.
An dènye rekou, Panos remèsye USAID cho pou finansman pwojè sa a ki tèlman enpòtan nan kad lit sa a pou konvenk popilasyon an fè vaksen kont COVID-19.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov
Eleksyon ann Ayiti: prèske 40 milyon dola toujou rete pou jwenn pou boukle bidjè elektoral la
5 nov





