Se vandredi 28 janvye 2022 sa a òganizasyon Médecins pour tous (Med-T) fèmen kanpay sansibilizasyon l kont pandemi kowonaviris la k ap fè ravaj depi ane pase sou teritwa nasyonal la. Bibliyotèk Minisipal Delmas te sèn yon pòt ouvè ki te kòmanse vè 10è kote espesyalis te diskite ak gran piblik la tou.
Se sou tèm:” Ayiti, ti grip, ti fyèv, kowona oubyen lòt maladi ?” peryòd sansibilizasyon sa a te fèt nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Manm òganizasyon an pwofite distribye bwochi sou mezi prevantif kont Covid-19 bay etidyan ak elèv.
“24 janvye 2022, yo te lanse kanpay la nan diferan lekòl pwofesyonèl ak klasik nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Echanj yo te bay bon rezilta, yo te abòde anpil kesyon sou: efikasite vaksen yo, efè segondè vaksen yo, kenbe mezi baryè yo, fèy yo pran… ak yon asistans ki te gen jèn elèv, teknisyen enfòmatik, jestionè, jèn kontab”, Géraldine Michel, vis-prezidan Médecins pour tous, endike.
Pami diferan enstitisyon kanpay sansibilizasyon sa a touche, nou ka site: Alliance École professionnelle; ACFIS du Canada; UNASMOH; Lycée Marie Jeanne; Lycée des jeunes filles ak Collège classique d’Haïti.
Òganizasyon Médecins pour Tous gen plizyè objektif nan kanpay sa a. Pami yo gen volonte pou motive omwen 1000 jèn respekte mezi baryè yo epi agrandi chèn sansibilizasyon oswa prevansyon an nan omwen yon mwa, ak fòme omwen 1000 jèn sou konesans kle sou covid-19 ak prensipal dyagnostik diferansyèl yo daprezan 1 mwa.
Lè nou mande l ki kote yon inisyativ konsa soti, Sekretè jeneral Médecins pour tous, Sabine Geralda Saint Jean, endike tout sa se yon apèl devwa kòm doktè ayisyen ki sansib a mizè popilasyon an.
“Nou remake peyi a ap fè fas chak jou ak yon pwoblèm grav nan nivo sante. Kòm nou pa vle rete chita devan sitiyasyon sa a, nou menm, doktè ki fè pati òganizasyon an, nou deside pote popilasyon an sekou nan mezi posib”, pwofesyonèl sante a ensiste.
Kisa Médecins pour tous (Med-T) ye?
Anba prezidans Bethsaïda Samanta Pierre Louis, Med-T se yon òganizasyon k ap travay nan domèn sante. Se yon gwoup pwofesyonèl ki kreye l, yo te deside mete atansyon yo sou difikilte sektè medikal ayisyen an ap fè fas pou reponn bezwen ki pa satisfè nan zafè swen sante, sitou pou popilasyon vilnerab k ap viv nan zòn ki lwen.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Oktòb Woz: MAEC òganize yon jounen sansibilizasyon ak depistaj kansè tete
21 okt
Okay: nan Savann, 300 pasyan jwenn swen nan yon klinik mobil Fondasyon AIC
16 avr
Nan inivèsite George Washington, minis Sandra Paulemon avèti sou ijans sanitè ak sosyal ann Ayiti
15 avr
Paske li pa ka retabli sekirite nan sant vil la, KPT anonse relokalizasyon Lopital Jeneral
25 sept





