Mèkredi 18 novanm 2026

Aktyalite

Covid-19: Etazini lanse yon nouvo avètisman bay vwayajè yo

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Definitivman, Etazini pran lit kont nouvo kowonaviris la trè oserye, viris k ap toujou fè ekonomi mond lan mal e k ap deranje lavi moun chak jou.

Anefè, peyi Tonton Sam nan ap miltipliye mezi pou eradike epidemi sa a ki deja fè plis pase 5 milyon moun mouri atravè mond lan.

Se nan sans sa a gouvènman ameriken an avèti sitwayen etranje k ap antre Ozetazini ak fo kat vaksinasyon, yo riske ekspilsyon. Anplis, yo ka anile viza yo.

« Sitwayen nenpòt ki pati nan mond lan k ap vizite Etazini e ki prezante fo sètifika vaksinasyon Covid-19 ap wè yo anile viza yo. Yo ka ekspilse yo nan peyi a e menm mete yo nan prizon », Biwo ladwàn USA te rapòte.

Ann note, dènyèman, Anbasad Etazini an Ayiti te envite vwayajè ki vle al sou tè ameriken an pa avyon pou yo gen yon prèv vaksinasyon konplè kont Covid-19 ak yon tès negatif.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here