Pandan yon reyinyon ki te fèt nan rezidans prive konseye prezidansyèl Louis Gérald Gilles, responsab pati EDE a, Claude Joseph, ak Premye minis Garry Conille te gen yon gwo diskisyon cho.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Yo voye mo sal youn sou lòt. Yo joure youn lòt. Premye minis k ap fonksyone a ak ansyen Premye minis la di youn lòt tout kalite non, yo menm manke goumen.
« Akò 21 desanm nan te reprezante pa Kénol Mathieu ak konseye Louis Gérald Gilles; Claude Joseph ak konseye Smith Augustin te reprezante sektè EDE-RED ak Compromis; Moïse Jean-Charles ak konseye Emmanuel Vertilaire pou sektè Pitit Desalin », se sa nou ka li nan kolòn jounal Le Nouvelliste, ki site youn nan patisipan reyinyon sa a.
« Tout bagay chavire lè Claude Joseph eksprime dezakò ak fristrasyon l yo, Premye minis la pa t apresye sa. Ton an monte vit ant de mesye yo… »
Dispit ant Garry Conille ak Claude Joseph te sèlman ak bouch, dapre sous nou an, ki regrete gwo mo de mesye yo te voye youn bay lòt. Mo jounal la evite repwodui. Mo ki pa fè manman de mesye yo onè.
« Ak yon ton byen wo, Claude Joseph di Garry Conille se gras ak aktè politik tankou l li vin Premye minis. Li fè l konnen tou konpòtman l ka koute l pòs chèf gouvènman l lan. Claude Joseph di l ‘’ m ap FOUT voye w ale’’. Deklarasyon Garry Conille pa t apresye. Li reponn ak mo ki pa janti », dapre vye jounal la.
Kontak jounal la rapòte Premye minis la ta di Claude Joseph: « Si nou kapab, voye moun rantre nan Primati vi n pran m, si nou kapab… Li di tou pèsonn pa ka entimide l e li p ap aksepte presyon ki soti nan men pèsonn. »
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
sa gen 12 èdtan
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





