
Minis Afè Etranjè ayisyen an, Jean-Victor Harvel Jean-Baptiste, kite Pòtoprens dimanch 5 janvye 2025 pou Kotonou kote l pral patisipe nan premye reyinyon ministeryèl Benen-CARICOM, k ap fèt nan kapital beninwa a.
Sou envitasyon kòlèg beninwa li a, Olushegun Adjadi Bakari, chanselye ayisyen an ale Kotonou pou patisipe nan yon rankont ant ministè Afè Etranjè Benen an ak ministè peyi Kominote Karayib yo, Ministè Afè Etranjè ak Kilt yo anonse nan yon kominike.
« Reyinyon sa a vize konsolide relasyon Benen ak nasyon afwodesandan yo atravè lemonn, pandan l ap sipòte objektif CARICOM pou bati patenarya estratejik ki favorize devlopman Eta manm li yo », kominike MAEC la kontinye.
Delegasyon ayisyen chanselye Jean-Baptiste ap dirije a ap patisipe tou nan dezyèm edisyon Vodoun Days, jounen ki konsakre pou selebre kilti, kwayans ak tradisyon andojèn yo.
Minis Afè Etranjè ayisyen an ap pwofite sejou l nan Kotonou pou relanse relasyon bilateral ant Ayiti ak Repiblik Benen atravè siyati yon memorandòm dantant ak yon deklarasyon konjwen ant de chanselri yo.
Li tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
sa gen 11 èdtan
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





