Jodi a, Blondedy Ferdinand vin sijè aktyalite nan prèske tout medya, kit an liy kit tradisyonèl. Nan byen kou nan mal, li kontinye wout li pandan l fikse nouvo pèspektiv. Li vle franchi lòt etap nan karyè mizikal li.
Dènyèman, aktris kout metraj « I Love You Anne » a anonse sòti premye album li yo rele
« Nouveau Départ ». Yon album ki tradui nouvo lavi l nan lanmou ak nan karyè l an jeneral.
Aktris, fanm dafè, Blondedy chaje anbisyon. Li te vle kèlkeswa pri a anbrase yon lòt karyè. Yon fason etonan, pwodiktè J-Beatz te mete l anba limyè pwojektè ak tit «Renmen m’ renmen’w».
Yon kòmansman ki te difisil, paske vwa l pa t la nan randevou a. Men li kontinye kwè nan rèv li. Jan lòt la te di: « Odas toujou, odas ankò, odas », Blondedy pratike sitasyon sa a chak jou pou yo ka aksepte l nan mond mizikal ayisyen an.
Li te objè tout kalite kritik ki soti tout kote. Kòmantè dekourajan yon bò ak konsèy ki byenveni lòt bò te ede l pwopilse l plis nan mond mizikal la.
Li pa yon gwo chantèz, li pa gen yon vwa zanj, anplis li pa janm rate okazyon pou l raple piblik li l ap travay anpil sou amelyorasyon vwa l.
Sepandan, Blondedy rive rale yon foul e li vle genyen kè melomàn yo malgre lakin sa yo. Dènye entèpretasyon l «Pou ou», yon mòso fanatik li yo byen akeyi.
Pandan mwa jen, li anonse nouvo bebe l « Nouveau Départ », dat sòti l poko devwale. Lanmou, lavi, esperans se pami sijè ki trete nan opis sa a.
Li dekri tèt li an twa mo: Fòs, kouraj, detèminasyon.
«Album sa a reprezante anpil pou mwen. Sa vle di, mwen rekòmanse yon nouvo lavi, kit se biznis, relasyon ak nan karyè mizikal mwen. Jodi a, tout bagay se yon nouvo depa pou mwen », li te deklare.
«Se tou nouvo album mwen. Mwen te gen chans travay ak moun mwen apresye. Mwen fyè anpil e mwen kontan. Tout melomàn ak fanatik yo pral jwenn tèt yo atravè opis sa a», Blondedy fè konfidans pandan yon entèvyou li te bay redaksyon Hebdo24.
Poukisa ou toujou mare chak pwojè ak yon buzz?
« Mwen pa janm mare mizik ak buzz. Men se buzz la ki swiv mwen. Tout sa m manyen tounen buzz. Kidonk, mwen kite kouran an ale e sa pa deranje m.
E malgre tout sa, Blondedy vle chante pou satisfè tout kouch sosyete ayisyen an e poukisa pa aletranje. Anpil lòt atis pral patisipe nan nouvo pwojè sa a, tankou D-Perfect.
Billy Gervé, journaliste, rédacteur, Blogueur et étudiant en communication sociale. Il est passionné de la culture | Actuellement rédacteur à Hebdo24.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





