
Badamay, ki sòti nan vil Leyogàn e ki rele Mackendy Leriche sou batistè, ap evolye timidman pami rapè ayisyen yo. Avèk talan li ak vwa eksepsyonèl li, atis la ap tise sou plizyè ane yon istwa lanmou ak pasyon ak rap.
Badamay se yon atis ki gen talan ki chame piblik la ak vwa li ak prezans li sou sèn. Sou plizyè ane, mizik vin tounen pou li yon mwayen pou l eksprime l, yon refij. Li jwenn enspirasyon pèsonèl pwofon li nan lanmou ak souvni defen frè li, Richard M. Yon frè ki, malerezman, tranblemanntè devastatè 12 janvye 2010 la te pote ale twò bonè, li kite dèyè l yon vid ou pa ka dekri men tou yon eritaj mizikal ki gen anpil valè pou Badamay.
Rankont li ak mizik
Se gras ak Richard jèn Mackendy dekouvri chemen li nan mizik, atravè ritm chamè atis jamayiken ane 90-2000 yo frè l te konn koute. Pasyon yo pataje sa a rive travèse tan an e gide atis la sou chemen li. Badamay rakonte nou frè l, ki te renmen mizik anpil, te toujou gen ti radyo l bò kote l. Li menm te toujou bò kote frè l pou ti vwayaj mizikal sa yo, men paske li te timid, li pa t chante. Epi yon jou rive, frè l t ap obsève l an kachèt pandan l t ap chante, e li konfime l li gen talan, li te sezi e konkeri pa vwa ti moun nan.
Se konsa, ak ankourajman frè sa a ki ba l non Badamay, jèn chantè a finalman oze eksplore talan vokal li, e li dekouvri pou kont li chemen ki kaptive a. Apre sa, enfliyanse pa atis ak gwoup tankou KingPosse, R Kelly, pase pa Beenie Man ak Sean Paul, Badamay anbrase divèsite mizikal san fwontyè. Badamay kapab chante ni an kreyòl ni an angle, li alèz ak hip-hop, rege, RnB, li melanje estil yo pou kreye yon son inik ki pa l, e li afime tèt li kòm yon vrè atis polivalan.
Pou Badamay, mizik ale pi lwen pase yon senp sous divètisman. Dapre natif natal Leyogàn nan, se yon zouti pisan pou pote mesaj, pou leve konsyans e pouse moun aji. Atravè chante li yo, li pale de sijè sansib e angaje, depi batay kont vyolans sou fanm rive nan kritik politik peyi li. Li refize danse sou son divizyon e li mande inite ak pwogrè.
Reyalizasyon li yo
Menm si li poko gen yon albòm konplè, Badamay gen yon seri sengl enpresyonan ak kolaborasyon remakab ki te fè tan yo e ki pwouve talan atis la. Nan repètwa pèsonèl li, gen tit ki pale anpil tankou « Pwoblèm pi rèd », « Nou pran nan zip », ak « Kilès », yon mòso lirik menm timoun nan site a te konn chantonnen lè l te soti.
Apre 2010, mouvman rap kreyòl la te konnen yon gwo boom nan site Anacaona, kote plizyè gwoup te fèt. Men dapre rimè piblik la, de ladan yo te rive sou tèt, se te The Kings ak Zo Kràn, yon ti jan tankou Barikad Crew ak Rockfam. Konsa, Zo Kràn, gwoup mitik Badamay la, te souke rejyon Palm yo pandan kèk ane. Se te yon vrè lè glwa pou yo. Plizyè nan tit yo te sonnen kòm vrè siksè, tankou « Podyab Ayiti » oswa « Kolangèt », DJ Kafou a, TonyMix, te menm reprann nan yon mixtape nan epòk la.
Pami kolaborasyon ki pi enpòtan li yo, Badamay pale nou de sa li te fè ak Fantom Papa Rap La sou albòm Salute 1, yon alyans atistik ki te pwomèt men ki pa t janm wè jou akoz kèk sikonstans. Men nou jwenn rapè BPC a sou yon track gwoup Leyogàn nan ki gen vwa Dutty tou, ki rele « Prè pou Batay ». King Wendyyy, ki bay tèt li tit sa a, parèt tou sou « Floch », yon tit gwoup la ak videyo klip ki te fè yon gwo siksè lè l te soti.
Pi lwen pase atis ki gen talan an
Defi chak jou yo pa janm frennen detèminasyon Badamay sou wout li. Menm nan moman ki pi nwa nan egzistans li, mizik li klere ak yon limyè ki pa ka etenn, k ap preche espwa ak rezilyans bay frè ak sè l yo. Kòm papa fanmi e sitwayen komin li, atis la ap fè efò chak jou pou l rete sou liy li, fidèl ak konviksyon li.
Sou sèn, Badamay reprezante nanm menm atis la, l ap vibre ak enèji ak pasyon, e li kaptive piblik li ak chak nòt. Men andeyò limyè pwojektè yo, li rete enb e otantik, yon nanm senp ki gide pa lafwa li nan mizik ak nan limanite. Temwayaj vwazen li yo di li reprezante respè pou tout moun, san eksepsyon. Anplis, se yon moun ki renmen bay lòt moun lamen jan li kapab. Kay li souvan tounen yon vrè estidyo, yon vrè teren antrènman kote plizyè atis lokal ap file zam yo, antrene anvan yo touche lòt orizon.
Nan estidyo yo, Badamay fòme chante li yo ak swen e presizyon, paske li konnen chak nòt ak chak mo gen pouvwa pou touche kè e chanje lespri. Paske pou Badamay, mizik se pa sèlman yon pasyon, se yon vokasyon tou. Kounye a li nan estidyo pou yon demo, e li asire nou piblik la ap renmen l. E menm si moun poko konnen l jan talan li merite a, enfliyans li ak enpak li deja santi pi lwen pase limit vil li. Badamay rete yon atis otantik e modès, yon zetwal ra, men sitou yon vwa sèten pou vwa yo toufe yo.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 Nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 Oct
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 Oct
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 Oct




