Depi plis pase 3 mwa, Ayiti ap fè fas ak yon rate gaz san parèy. Sitiyasyon sa a riske paralize fonksyonman anpil enstitisyon ak antrepriz nan peyi a. Digicel deja avèti kliyan li yo sou plis pase 15% nan sit li yo ki pa fonksyone akoz gaz ki pa disponib ak fenomèn ensekirite a.
Anefè, nan yon nòt li pibliye jedi 21 oktòb 2021 sa a, konpayi telefòn Digicel siyale rate gaz, sitou dyezèl, ap afekte operasyon l.
« Digicel enfòme piblik la an jeneral ak kliyan li yo an patikilye, akoz pwoblèm disponiblite gaz ki pèsiste ak lòt defi ki gen pou wè ak ensekirite, jodi a plis pase 15% nan sit li yo pa operasyonèl malgre gwo efò yo fè », nou ka li nan nòt Digicel sa a.
Toujou akoz dyezèl ki vin de pli zan pli ra nan peyi a, PDG Digicel la, Maarten Boute, te fè konnen yè mèkredi, sou kont Twitter li, sou 1500 antèn nan nivo nasyonal, deja plis pase 150 an pàn dyezèl.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





