
Nan yon rapò li fèk rann piblik, Rezo nasyonal pou defans dwa moun (Rnddh) revele, pou w al nan penensil sid Ayiti, chofè machin yo dwe travèse omwen senk pòs peyaj.
Gang ame yo etabli yon premye pòs nan Ruelle Alerte, kèk pa de simityè Pòtoprens. Gen yon lòt nan Matisan, yon lòt ankò Fontamara. Anplis, nan Paloma (Kafou) gen yon katriyèm pòs ki enstale. Senkyèm nan Marinyani, teritwa chèf gang « Bout Ba » kontwole. Atravè tout pòs sa yo, chofè yo oblije depanse gwo kòb pou yo pase.
Anplis, dapre Rnddh, gen pòs menm jan an ki enstale ilegalman nan sòti tèminal Varreux, Lasalin ak bò Kafou Drouillard. Sou wout nasyonal #1, gen yon pòs bò Titanyen ak yon lòt ant Sen Mak ak Gonayiv.
Bandi yo pa kanpe la, sou nasyonal #3 tou, gen yon pòs enstale Onaville 12. Pou nasyonal #8, gen yon pòs bò Kalvè, Kwadebouke. E sou nasyonal #5, gen yon lòt pòs ant Gwomòn ak Pòdepè.
An tou, òganis defans dwa moun nan rive konte omwen trèz pòs gang kriminèl yo enstale sou wout yo pou yo ranse manm popilasyon an.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





