Nan yon lèt ki date 15 fevriye 2022 yo voye bay Sekretè Jeneral aktyèl Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni (OIF), Louise Mushikiwabo, Dr. Claude Joseph, Me Rockefeller Vincent ak Me Bed-Ford Claude mande OIF vire do bay Ariel Henry. Anplis, yo reklame mizanplas yon Tribinal espesyal ki gen karaktè entènasyonal pou pousuiv devan lajistis moun yo akize kòm yo te asasine prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse.
Depi okòmansman, ansyen Premye minis ak Minis Afè etranjè Claude Joseph, ansyen Minis lajistis Me Rockefeller Vincent ak ansyen Komisè gouvènman Me Bed-Ford Claude siyale absans volonte Premye Minis de facto Ariel Henry pou fè ankèt sou lanmò ansyen Chèf Leta a avanse.
Yo ensiste sou lefèt Premye Minis aktyèl la nan konplo ak youn nan prensipal sispèk krim “abominab” sa a, sa vle di Joseph Félix Badio. Plizyè medya tankou CNN, The New York Times, Agence France Presse (AFP) pibliye atik kote yo site non Ariel Henry kòm “yon sispèk enpòtan” nan asasina Jovenel Moïse.
Devan konsta sa a, siyatè lèt la kwè Ariel Henry pa merite rete alatèt primati a.
“Devan sispèk ki dakò youn ak lòt e ki enkyetan konsa, nou konvenk M. Ariel Henry pa gen ni kredibilite, ni lejitimite, ni moralite ankò pou dirije gouvènman Repiblik d Ayiti, e li se yon gwo obstak nan rechèch jistis sou asasina Prezidan Jovenel Moïse”, yo soutni pandan y ap mande Kominote Entènasyonal la, sitou OIF, retire sipò l bay Ariel Henry.
Pi lwen, yo pale sou jesyon peyi a ki, dapre yo, ka asire pa yon nouvo ekip gouvènmantal ki pi wo pase tout sispèk e ki soti nan chemen konsansyèl ki ka rasanble tout aktè politik yo atravè yon dyalòg nasyonal.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
sa gen 14 èdtan
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov
Prezidansyèl 2027: Dominique Dupuy ofisyalize kandidati li anba banyè PVD
12 nov





