Jedi 19 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti-Laprès: Nimerizasyon nan kè selebrasyon jounen mondyal libète laprès

Pa Hebdo24

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Madi 3 me, lemond selebre jounen libète laprès. Ann Ayiti, asosyasyon jounalis ayisyen yo (AJH) komemore jounen sa a pandan l mete aksan sou nimerik. Nan sans sa a, yo òganize yon maten deba ak jounalis karyè ak espesyalis. Objektif la se reflechi sou plas nimerik nan pratik metye a ann Ayiti.

“ Laprès ayisyen devan defi nimerik la, ak aksè a enfòmasyon », se sou tèm sa a Asosyasyon jounalis ayisyen yo (AJH) òganize maten deba sa a nan okazyon jounen mondyal libète laprès.

Dapre Jacques Desrosiers, sekretè jeneral AJH, tèm nan vini nan bon moman, nan yon epòk kote nimerik gen gwo enfliyans sou travay jounalis yo.

« Se yon reyalite, nimerizasyon gen yon gwo enfliyans sou pratik jounalis ann Ayiti, sou fonksyònman laprès », responsab la, ki travay tou nan Biwo pwoteksyon sitwayen an, soutni.

Sektè nimerik la ap grandi anpil ann Ayiti. Dènye ane sa yo, medya sou entènèt yo pran lari. Trè souvan, kèk nan medya sa yo pa respekte prensip debaz metye a epi yo fè derapaj. Jacques Desrosiers pa nye sa.

« Wi, nou konnen gen derapaj. Men se pa sèlman ann Ayiti, se yon reyalite mondyal. Se poutèt sa n ap reflechi pou n wè kijan pou n korije derapaj sa yo », Jacques Desrosiers deklare.

Kit se medya tradisyonèl, kit se medya nimerik k ap pouse pi plis chak jou ann Ayiti, yo pa dwe mete prensip debaz yo sou kote, Gotson Pierre raple.

Objektif, misyon jounalis la se enfòme. Respè etik, difizyon enfòmasyon ki fyab dwe toujou pran an kont », mapou laprès ayisyen an ensiste.

Avèk pouvwa medya sou entènèt yo k ap monte ak opòtinite nouvo teknoloji yo ofri, plizyè moun estime nimerik la reprezante avni jounalis. Sepandan, Gotson Pierre

kwè entènèt pa ka ranplase lòt medya yo ditou.

« Okenn medya pa ka ranplase oswa fè yon lòt medya disparèt, paske se pa tout moun ki gen aksè a nimerik », PDG Alterpresse la eksplike.

Difizyon enfòmasyon ki pa verifye, sansasyonalis, mank pwofesyonalis, medya nimerik yo resevwa anpil kritik. Gotson Pierre di li an favè nimerizasyon, men pa yon nimerizasyon pou fè sansasyon, ni pou fè buzz.

« Nimerizasyon n ap pale a, se yon nimerizasyon pou enfòmasyon ki verifye, pou enfòmasyon ki respekte prensip deyontolojik yo, pa pou fè spektak, sansasyon », Gotson Pierre souliye.

Depi yon bon bout tan, n ap asiste yon nivèlman pa anba nan laprès ayisyen an. Nan okazyon jounen mondyal libète laprès, li bon e li jis pou jounalis yo, medya yo, kit yo nimerik kit yo pa nimerik, reflechi sou prensip ki apwopriye ki ap pèmèt yo pa tonbe nan manke respè deyontoloji jounalistik ak règ etik ki mache ak pwofesyon an.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here