Madi 17 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti-Kriz: Kenneth Merten rankontre siyatè Akò Montana yo

Pa Phanord Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Siyatè Akò Montana, yo te siyen 30 out 2021 lan, pale ak Chaje dafè Anbasad ameriken an Ayiti, Kenneth Merten, madi 21 desanm 2021 sa a.

Ansanm, de pati yo diskite sou sitiyasyon politik peyi a, nesesite yon antant ant aktè politik yo, pami lòt.

« Gouvènman ameriken an kontinye sipòte solisyon ayisyen pou pwoblèm Ayiti », diplomat K. Merten di.

Nan yon tweet li pibliye sou kont ofisyèl li, Anbasad Etazini an fè anons lan, san l pa bay twòp detay sou rankont sa a.

Pataje

Phanord Cabé

Fondateur de Hebdo24 en février 2021, Phanord Cabé en est le directeur de la publication et le rédacteur en chef. Il définit la ligne éditoriale du média et suit de près l'actualité politique, judiciaire et diplomatique d'Haïti.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here