Jedi 19 novanm 2026

Aktyalite

Ayiti-Kriminalite: Yo ekstrade « Yonyon », nimewo en gang « 400 Mawozo », Ozetazini

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Nan prizon nan penitansye nasyonal la (Ayiti) depi prèske uit an, yo ekstrade chèf pisan gang « 400 Mawozo » a, Germine Joly alyas Yonyon, Ozetazini abò yon avyon espesyal FBI, madi 3 me 2022 sa a. Direksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti konfime enfòmasyon an.

Ekstradisyon sa a vini apre yon demann èd jidisyè otorite jidisyè ameriken yo te fè, 22 avril 2022.

Toujou dapre enstitisyon polisye ayisyen an, Yonyon te anba yon manda entènasyonal tribinal Distri Etazini pou Distri Columbia te bay.

Konplo ak vyolasyon lwa ameriken sou refòm kontwòl ekspòtasyon ak kontrebann soti Ozetazini, enpòtasyon zam lagè, kidnaping ak sekestrasyon sitwayen ameriken pou ranson, se pami chèf akizasyon ki sou do nimewo en gang « 400 Mawozo » a k ap simen laterè nan Kwadebouke ak zòn ki toutotou l depi kèk tan.

Apre nouvèl ekstradisyon Yonyon an, yo tande tire zam otomatik nan komin Kwadebouke, temwen rapòte.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here