Se Anbasad dominikèn ann Ayiti ki konfime nouvèl la, pa entèmedyè minis dominiken Afè etranjè a, Roberto Alvarez.
« Erezman, yo lage Carlitin Guillen Tatis, konseye nan anbasad dominikèn ann Ayiti, san blesi, apre 4 jou kidnaping », Chanselye dominiken an tweete, bonè maten mèkredi 4 me 2022 sa a, pandan l remèsye moun ki te patisipe aktivman nan liberasyon M. Tatis.
Pandan gang « 400 Mawozo » ki te kidnape Carlitin Guillen Tatis wikenn ki sot pase a te mande 500 000 dola ameriken pou yo lage l, Anbasad dominikèn nan pa di si yo te peye kidnapè yo montan sa a.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov
Koperasyon entènasyonal: minis Sandra Paulemon vle ranfòse kowòdinasyon èd pou devlopman ann Ayiti
5 nov





