Depi kèk tan nan ponp gaz yo, se lalwa pi fò a ki pi bon. E se moun ki ame legalman yo, sa vle di ajan polis yo, ki fè lalwa lè l konsène fè plen nan kontèks kriz egi sa a ki lakoz gwo dezòd anba ponp gaz yo.
Devan sitiyasyon sa a, Enspeksyon jeneral PNH a (IG-PNH), nan yon nòt dat 5 novanm 2021, te bay tout polisye ki sèvi ak estati yo pou fè zak abizif nan ponp gaz yo yon avètisman.
Byen enfòme sou dezòd moun ki sipoze fè lòd regne anba ponp gaz yo ap fè, IGPNH te raple yo devwa yo pou yo konpòte yo yon fason egzanplè tout tan.
« Nan yon moman kote tout bagay ap fèt pou konbat ensekirite, sitou nan kapital la, e pou retabli lapè tout moun swete a, konpòtman konsa ka fè PNH pèdi kredibilite devan je popilasyon an », enspektè jeneral an chèf la, Fritz Saint-Fort, te fè konsyans nan nòt sa a.
An definitif, IGPNH te raple manm enstitisyon polis la gen sanksyon ki prevwa nan Règleman Disiplin jeneral enstitisyon polis la.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Somè mondyal: minis Sandra Paulemon mande pou Ayiti antre plis nan touris Karayib la
20 nov
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Hebdo24 renouvle idantite vizyèl li ak yon nouvo logo ki pi modèn
12 nov
Ayiti-Eleksyon: Jean Ernest Muscadin demisyone nan pòs chèf pakè Miragwàn
6 nov





